Sa Vandè yo Dwe Respekte sou 4Poch Marketplace

Pou vann sou 4Poch Marketplace, chak vandè dwe respekte kèk règ enpòtan pou bay kliyan yo yon bon eksperyans. Sa ede bati konfyans, fè plis lavant, epi fè marketplace la rete serye.

1. Mete bon foto ki klè ak prezantab
Foto pwodwi yo dwe byen klè, pwòp, epi montre atik la jan li ye toutbon. Pa mete foto twoub, foto ki pa koresponn ak pwodwi a, oswa foto ki twonpe kliyan an. Pi bèl foto yo ye, se plis kliyan an ap gen konfyans pou achte.

2. Bay bon deskripsyon pwodwi a
Chak pwodwi dwe gen yon deskripsyon ki senp, klè, ak egzak. Mete enfòmasyon ki enpòtan tankou non atik la, koulè, gwosè, kalite, ak eta pwodwi a. Pa bay move enfòmasyon sou sa w ap vann.

3. Mete bon pri
Pri a dwe klè epi serye. Pa mete pri ki pa koresponn ak sa w ap vann nan. Sa ka fè kliyan yo pèdi konfyans nan ou.

4. Reponn kliyan yo byen
Yon bon vandè dwe toujou pale ak kliyan yo avèk respè. Reponn kestyon yo byen vit, ede yo konprann pwodwi a, epi rete pwofesyonèl nan tout konvèsasyon.

5. Voye koli yo alè
Lè yon kliyan pase kòmand li, vandè a dwe prepare epi voye koli a atan. Pa fè kliyan an tann twòp san rezon. Bon sèvis livrezon fè kliyan an satisfè epi ankouraje l retounen achte ankò.

6. Vann pwodwi ki koresponn ak sa w te montre a
Pwodwi kliyan an resevwa a dwe menm ak foto ak deskripsyon ou te mete a. Pa chanje kalite pwodwi a apre kliyan an fin peye.

7. Respekte kliyan yo
Pa fè fo pwomès, pa sèvi ak pawòl ki pa pwofesyonèl, epi toujou chèche rezoud pwoblèm kliyan an si gen yon difikilte.

8. Kenbe yon bon repitasyon
Chak vandè dwe chèche bay bon sèvis, paske bon repitasyon pote plis kliyan. Yon vandè serye toujou gen plis chans fè plis lavant sou 4Poch Marketplace.

Konklizyon
Sou 4Poch Marketplace, nou vle chak kliyan jwenn yon sèvis ki serye, rapid, ak pwofesyonèl. Se poutèt sa nou mande tout vandè yo mete bon foto, bay bon enfòmasyon, reponn kliyan yo byen, epi voye koli yo atan. Lè tout vandè respekte règ sa yo, tout moun genyen: kliyan an satisfè, vandè a vann plis, epi marketplace la grandi pi byen.